TTS 2_Gwo beef eklate ant Masisi yo ak Hetero | Gè sa ap debouche sou gè mondyal | TTS S2E22

Épisode de THE THIRD SHIFT PODCAST par J&M Media Groupe · 5 mars 2026 · 2 h 18 min

Gwo beef eklate ant Masisi yo ak Hetero | Gè sa ap debouche sou gè mondyal | TTS S2E22

Dimanch sa a sou Third Shift Podcast, nou pote yon lòt epizòd cho kote n ap analize sijè k ap fè anpil bri nan kominote a, san pè, san patipri, san filtre.

🟥 1️⃣ Lagè nan kominote ayisyen an: Straights vs LGBTQ sou TikTok

Gen yon veritab “lagè” k ap fèt sou rezo sosyal yo, espesyalman TikTok. Tou de bò ap diskite sou sa ki dwe akseptab oswa non. Gen atis ak figi piblik nan mizik ayisyen ki poko janm “sòti”, men kèk moun nan kominote gay la ap akize yo kòm si yo ta kache verite yo.

➡️ Èske sa jis? Èske se presyon? Èske moun dwe fòse pale sou vi prive yo?

🟥 2️⃣ Konfli ant USA ak Iran

Nou pral antre fon nan kestyon sa a:

Ki kote konfli a soti?

Èske gen risk pou l vin pi grav?

Ki konsekans sa ka genyen pou rès mond lan?

🟥 3️⃣ Yon gason dwe travay 2 djòb pou pran swen yon fanm?

Oswa èske tou de moun dwe mete men pou peye bòdwo?

Nou pral pale sou wòl, responsabilite, ak reyalite lavi jodi a.

🟥 4️⃣ Kijan yon gason dwe santi l si li antre nan yon espas kote li konnen fanm li te deja gen omwen 6 lòt gason anvan li?

Èske sa ta dwe afekte li?

Èske pase yon moun dwe rete nan pase?

🟥 5️⃣ Guy Wewe kraze ak Team Aswè A

Sa k pase vre?

Èske se kestyon lajan, respè, oswa dezakò entèn?

🟥 6️⃣ Liberasyon Carel Pedre soti nan prizon imigrasyon

Sa sa vle di?

Kisa sa montre sou sistèm nan?

Autres épisodes de « THE THIRD SHIFT PODCAST »

À propos du podcast

ON Podcast kap gen anpil variete ladan, nou pral pale de tout bagay spò, politik, blag, istwa pèsonel nou etc.

THE THIRD SHIFT PODCAST

Épisodes similaires

Tous les épisodes de THE THIRD SHIFT PODCAST · Plus de podcasts Loisirs